Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Sipò EEOC pou Demann Aksyon an Difere anrapò ak Imigrasyon bay DHS

Sipò EEOC pou Demann Aksyon an Difere anrapò ak Imigrasyon bay DHS

Kesyon Ki Poze Souvan

K1: Èske Komisyon Opòtinite Egal La (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC)  aksepte demann pou sipò nan pouvwa diskresyonè jidisyè anrapò ak imigrasyon sou fòm aksyon an difere pou moun ki kapab viktim oswa temwen diskriminasyon ilegal nan travay?  

R1: Wi. Nou konsidere demann sa yo ka pa ka. EEOC ap sipòte depi lontan jan Depatman Sekirite Teritwa (Department of Homeland Security, DHS) Etazini sèvi ak pouvwa diskresyon jidisyè an pou fè respekte lwa ki nan jiridiksyon EEOC yo. Si gen moun ak/oswa reprezantan yo ki ta renmen pou EEOC sipòte petisyon yo voye nan DHS pou aksyon an difere ki baze sou yon pwoblèm diskriminasyon nan travay, yo dwe soumèt yon demann pou yon "Deklarasyon Enterè" (Statement of Interest) nan EEOC.   

K2: Kòman pou moun yo oswa reprezantan yo mande EEOC pou sipòte yon demann pou aksyon an difere nan DHS?

R2: Moun yo oswa reprezantan yo ta dwe kontakte Biwo Lokal EEOC ki pi pre kote y ap viv la pou mande pou EEOC soumèt yon “Deklarasyon Enterè” nan DHS kòm sipò pou petisyon pou aplikasyon pouvwa diskresyon jidisyè nan imigrasyon yo te fè a. Demann nan ta dwe al jwenn Direktè Distri ak Avoka Rejyonal biwo lokal ki konsène a pa imèl. Pou voye yon imèl bay Direktè Distri ak Avoka Rejyonal biwo lokal la, mete non ak siyati yo nan fòma imèl sa a: non.siyati@eeoc.gov.

K3: Ki enfomasyon ki ta dwe genyen nan yon demann pou yon "Deklarasyon Enterè"?

R3: Demann lan ta dwe gen ladan li:

  • Enfòmasyon pou idantifye espas travay ki enplike nan ankèt oswa litij EEOC a;
  • Enfòmasyon ki gen rapò ak faktè ki diskite nan K4 yo, ke EEOC ap gen pou li konsidere pou deside si l ap soumèt yon "Deklarasyon Enterè" nan DHS. Tankou enfòmasyon sou reprezay, kit se sa ki gen rapò ak imigrasyon ou pa, oswa krent pou reprezay sa yo, ki gen dwa dekouraje anplwaye yo pou yo pa pote plent nan EEOC oswa pou yo pa patisipe nan ankèt oswa litij li yo; epi
  • Kowòdone moun k ap fè demann nan.

PINGA mete:

  • Okenn estati oswa pase imigrasyon yon moun; oubyen
  • Enfòmasyon pèsonèl prive ki pèmèt idantifikasyon, tankou dat nesans oswa Nimewo Idantifikasyon Kontibiyab (Individual Taxpayer Identification Number, ITIN)

K4: Ki faktè EEOC pral konsidere pou li deside si l ap sipòte demann pou aksyon an difere yon moun fè nan DHS?  

R4: Pwoteksyon dwa sivil moun ki patisipe nan ankèt ak/oswa litij EEOC yo enpòtan anpil pou akonpli manda egzekisyon ajans lan. Depi lontan, EEOC te toujou sipòte demann pou aplikasyon pouvwa diskresyonè jidisyè sou yon baz ka pa ka lè demann sa yo  lye dirèkteman ak enterè EEOC pou anpeche ak remedye a diskriminasyon ilegal nan travay. 

EEOC ap pran faktè sa yo an konsiderasyon: 1) Si demann lan gen rapò ak yon ankèt oswa yon litij EEOC ki ouvè oswa fèmen, zak reprezay ki fèt apre pou sa konte tou; epi 2) si aksyon an difere ap kapab ede EEOC reyalize misyon egzekisyon ak priyorite li yo. Nan ka sa a, epi selon pouvwa diskresyonè li, EEOC ka bay DHS yon "Deklarasyon Enterè" kote li deklare ke EEOC kwè aplikasyon pouvwa diskresyon DHS la nesesè pou EEOC ka byen akonpli misyon li epi ke EEOC sipòte demann pou aksyon an difere a.

K5: Èske moun ki fè demann "Deklarasyon Enterè" a dwe depoze yon plent pou diskriminasyon nan EEOC?

R5: Non, yon moun pa oblije ranpli yon plent fòmèl pou diskriminasyon. Sepandan, moun nan ap gen pou li dekri eksperyans li oswa enfòmasyon pa rapò ak yon ankèt oswa yon litij EEOC ki ouvè oswa fèmen, ak poukisa yo kwè aksyon an difere a ka ede EEOC mennen abyen misyon ak priyorite li pou fè aplike lalwa.

K6: Èske yon "Deklarasyon Enterè" bay okenn estati, pwoteksyon oswa solisyon nan zafè imigrasyon?

R6: Non, si EEOC a soumèt yon "Deklarasyon Enterè" nan DHS, "Deklarasyon enterè" a pa bay okenn estati, pwoteksyon, oswa solisyon nan zafè imigrasyon. Se sèl DHS ki gen pouvwa sou èske l ap egzèse pouvwa diskresyon jidisyè an ou pa.

K7: Kisa k ap pase apre EEOC fin pran desizyon li sou yon demann pou yon "Deklarasyon Enterè" yon moun fè?

R7: Si demann moun nan aksepte, EEOC ap soumèt "Deklarasyon Enterè" a dirèkteman nan DHS. Moun nan oswa reprezantan li yo ap resevwa yon kopi "Deklarasyon Enterè" a tou pou soumèt nan DHS ansanm ak petisyon li a.

Si demann moun nan refize, EEOC p ap kominike ak DHS sou demann sa a. Epitou, refi demann "Deklarasyon enterè" yon moun p ap chanje aplikasyon EEOC fè de lwa ki nan jiridiksyon li yo.

K8: Èske EEOC ka konseye m sou si mwen ta dwe mande yon "Deklarasyon Enterè" ou non?

R8: Non, men li ta swetab pou ou konsilte yon avoka imigrasyon. Gen yon lis òganizasyon ki bay sèvis jiridik pou zafè imigrasyon gratis ki disponib nan: https://www.justice.gov/eoir/list-pro-bono-legal-service-providers.

 

Retounen nan kòmansman an